CHAPIT 10

⇐ PREVIOUS CHAPIT  |  PWOCHEN CHAPIT ⇒


  1. Entwodiksyon.

    Yon petisyon òdonans ekstrawòdinè se yon fason diferan pou mande yon tribinal apèl fè revizyon aksyon yon tribinal ki pi ba pran oswa pa pran. Yo ka itilize petisyon òdonans yo sèlman nan sikonstans ki trè ra, oswa “ekstrawòdinè,” kote pa gen okenn lòt bon rekou oswa kapasite pou fè apèl. Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.100. Nan zafè sivil, yo itilize òdonans yo leplisouvan pou: fòse yon jij oswa lòt ofisyèl fè yon zak ministeryèl li te refize fè, men ki obligatwa, (òdonans mandamus); anpeche yon tribinal ki pi ba fè yon zak li pa gen konpetans pou fè (òdonans entèdiksyon); oswa konteste lòd ki pa final ki pa zafè ale nan apèl touswit (òdonans certiorari). Yon moun ka depoze yon petisyon pou yon òdonans estrawòdinè devan tribinal apèl la, si gen kèk kondisyon ki satisfè, pandan tribinal ki pi ba a ap kontinye yon jijman sou yon zafè toujou.

    Anjeneral depo yon petisyon òdonans pa bloke (sispann) pwosedi yo nan tribinal ki pi ba a. Alaplas, pou bloke pwosedi tribinal ki pi ba a pandan pwosedi òdonans lan, yon pati ta nòmalman oblije chèche epi jwenn yon lòd pou retre tann. Mosyon pou rete tann yo eksplike nan Chapit 11 nan Gid sa a. Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.310(a).

    Yon petisyon òdonans ekstrawòdinè pa menm bagay ak yon apèl. Toudabò, pati yo nan yon petisyon gen tit diferan ak sa ki nan yon apèl. Nan yon apèl, pati k ap fè apèl la se “moun ki fè apèl” la epi pati opoze a se “moun yo fè apèl kont li a.” Pakont, nan yon pwosedi òdonans, pati k ap fè petisyon nan tribinal apèl la rele “demandè,” epi pati advès la rele “repondan.” Yon pwosedi òdonans kòmanse lè ou depoze petisyon an, ki tankou ekspoze inisyal la, dirèkteman nan tribinal apèl la (kontrèman ak yon apèl, ki kòmanse lè ou depoze yon notifikasyon pou apèl nan tribinal ki pi ba a). Petisyon òdonans lan depoze nan tribinal apèl la ak livrezon bay pati opoze a. Toudepan ki kalite òdonans, dat limit la se 30 jou soti nan dat yo te rann lòd oswa yo te pran aksyon y ap konteste a.

    Anplisdesa, nan kèk kalite pwosedi òdonans, tankou lè yon pati depoze yon petisyon pou òdonans mandamus oswa entèdiksyon, jij nan tribinal ki pi ba a tou dwe (a) site kòm yon repondan nan kò petisyon an, men pa nan non zafè a (lejann), epi (b) remèt li yon kopi petisyon òdonans mandamus oswa entèdiksyon an. Nan ka yon petisyon pou òdonans certiorari, jij tribinal ki pi ba a pa nonmen kòm yon pati ditou, men yo remèt li yon kopi petisyon an. Pakont, nan yon apèl regilye, jij tribinal ki pi ba a pa site kòm yon pati ni yo pa remèt li dokiman ki depoze nan apèl la.

    Yo rele òdonans estrawòdinè yo “estrawòdinè” paske yo ra anpil. Tribinal apèl yo pa konn asepte petisyon pou òdonans estrawòdinè yo, sòf nan kèk sikonstans espesyal. Li difisil anpil pou satisfè kondisyon pou yon òdonans estrawòdinè. Menm lè tout kondisyon yo satisfè, tribinal apèl la ka toujou refize bay òdonans lan, epi pa pran desizyon sou pwen ki nan petisyon an. Tribinal apèl yo asepte bay petisyon òdonans estrawòdinè yo sèlman pou korije move desizyon tribinal ki pa kapab korije okenn lòt jan.

  2. Diferan Kalite Òdonans Estrawòdinè nan Zafè Sivil yo.

    Gen plizyè kalite òdonans estrawòdinè. Chak remèt pou yon objektif diferan epi chak bon yon sèten sikonstans presizeman.

    1. Òdonans “Mandamus”

      Si lalwa di pou yon tribinal ki pi ba oswa yon fonksyonè pran yon aksyon, epi li refize fè sa oubyen li pa pran aksyon an, yon pati kapab depoze yon petisyon òdonans “mandamus.” Yon tribinal apèl kapab bay yon òdonans “mandamus” pou fòse tribinal ki pi ba a, oswa pou fòse yon lòt fonksyonè, pran yon aksyon ofisyèl. Men kondisyon ki genyen pou mande yon òdonans “mandamus”:

      1. Demandè a dwe gen dwa legal klè pou fè jij jijman an oswa lòt fonksyonè fè yon zak oswa devwa presizeman;
      2. Jij tribinal ki pi ba a oswa lòt fonksyonè gouvènman an dwe gen yon devwa legal obligatwa klè pou pran aksyon an; epi
      3. Pati k ap fè petisyon an dwe pa gen okenn lòt rekou ankò devan lalwa.

      Tribinal apèl la kapab bay yon òdonans “mandamus” sèlman si aksyon ki pou fèt la, se yon devwa obligatwa nan travay moun lan. Yo konsidere yon devwa obligatwa, lè tribinal ki pi ba a oswa biwo a pa gen diskresyon pou fè l, oubyen pou chwazi pa fè l. Diskresyon an, se libète pou chwazi fè oubyen pa fè yon bagay. Kidonk, yon devwa obligatwa lè lalwa egzije pou l fèt, san bay moun fonksyonè a okenn chwa. Pafwa yon zak ta zafè anpati obligatwa ak anpati diskresyonè. Nan ka sa yo, yo ta kapab itilize mandamus pou fè yon ofisyèl fè yon zak oswa pran yon desizyon (si se yon zak ministeryèl obligatwa), men pa kijan pou fè zak la, ni ki desizyon pou li pran (ki nòmalman nan men fonksyonè a pou li deside, sa vle di, diskresyonè).

      Pa egzanp, yon tribinal apèl kapab bay yon òdonans “mandamus” pou di yon grefye nan yon tribinal ki pi ba pou li asepte yon dokiman grefye a dwe asepte, men li te refize asepte. Yon tribinal apèl kapab bay yon òdonans mandamus pou mande yon vil bay dosye piblik ke demandè a te mande pou enspeksyon ak kopye, epi vil la te refize bay yo. Yon tribinal apèl kapab bay yon òdonans “mandamus” tou pou mande yon tribinal ki pi ba yon tan limit pou fè yon odyans. Men, yon tribinal apèl pa ka sèvi ak òdonans lan pou di tribinal ki pi ba a kijan pou li deside sou zafè a paske sa ta se ta va fòse fonksyonè a sèvi ak diskresyon li nan yon sèten fason.

    2. Òdonans Pwoyibisyon.

      Òdonans pwoyibisyon sèvi pou anpeche yon tribinal ki pi ba pran yon aksyon ki pa nan konpetans li. Sa vle di, li sèvi pou anpeche yon tribinal ki pi ba pran yon aksyon ki ilegal oubyen ki pa kòrèk. Tribinal apèl distri yo kapab bay tribinal ki pi ba yo oswa tribinal apèl distri yo òdonans pwoyibisyon. Men, Tribinal Siprèm Florid la kapab sèlman bay tribinal ki pi ba yo òdonans pwoyibisyon, men pa ajans leta yo.

      Petisyon pou òdonans pwoyibisyon an dwe depoze anvan tribinal ki pi ba a pran aksyon pati k ap fè petisyon an vle anpeche a. Yon tribinal apèl pa ka bay pwoyibisyon pou defèt yon bagay ki deja fèt. Li ka sèlman bay pwoyibisyon pou anpeche yon bagay ki poko fèt. Anplisdesa, demandè a dwe montre (1) pa gen okenn reyalite ki konteste epi (2) tribinal ki pi ba a pa gen okenn kopetans pou fè sa demandè a ap eseye anpeche a.

      Si tribinal apèl la bay yon lòd pou montre poukisa yo pa dwe akòde soulajman nan yon pwosedi pwoyibisyon, li bloke pwosedi ki anba a. Men, yon lòd ki senpleman mande pou repondan an depoze yon repons pou petisyon an nan yon pwosedi pwoyibisyon anjeneral pa bloke pwosedi tribinal ki pi ba a. Yon lòd pou rete tann fè tout pwosedi nan tribinal ki pi ba a sispann jouktan tribinal apèl la pran yon desizyon. Gade Chapit 11 nan Gid sa a (rete tann).

    3. Òdonans “Certiorari”

      Yon òdonans “certiorari,” ki rele tou “cert,” pèmèt yon tribinal apèl fè yon revizyon sou desizyon yon tribinal ki pi ba ki pa obsève egzijans esansyèl lalwa yo, lè pa gen okenn lòt mwayen pou fè apèl. Li pèmèt tribinal apèl la deside si tribinal ki pi ba a ap okipe pwosedi a yon jan ki regilye, dapre lalwa. “Certiorari” a bay tribinal apèl la pouvwa pou l lonje bra l pou rete move aplikasyon lajistis, lè pa gen lòt rekou ki egziste. Tribinal Siprèm Florid la pa gen konpetans pou apwouve òdonans “certiorari” pou dwa komen, menm jan ak tribinal apèl distrik yo. Pou l mande yon òdonans “certiorari,” pati k ap fè petisyon an dwe montre:

      1. Aksyon tribinal ki pi ba a pa obsève egzijans esansyèl lalwa yo. Sa mande pou li plis pase jis yon erè tribinal ki pi ba a. Egzijans esansyèl lalwa, sa vle di gen yon vyolasyon yon prensip legal ki tabli aklè. Vyolasyon sa a lakòz yon move aplikasyon lajistis tout bon vre, oswa yon refi fè yon jijman ekitab. Yon prensip legal ki tabli aklè kapab soti nan plizyè sous, tankou lwa ki kontwole ka, règ tribinal, règleman, ak dwa konstitisyonèl.
      2. Erè a ap lakòz pou demandè a yon prejidis ki pa ka repare nan tout rès pwosedi a. Prejidis ireparab la dwe plis pase tan ak depans pou yon jijman ki pa te nesesè. Yon egzanp prejidis ireparab, se yon desizyon tribinal ki vyole dwa konstitisyonèl yon pati, ki pa kapab korije nan yon pwosedi apèl apre fen jijman an. Yon lòd konsa, se kapab yon “lòd fèmen bouch” jeneral, ki defann pleyan an ak avoka li yo pale ak laprès sou zafè a, san pa gen rezon ki montre lòd fèmen bouch la te nesesè pou pwoteje jistis nan pwosedi a. Yon lòt egzanp, se yon lòd ki pèmèt yon granmè fè vizit tanporè menm lè manman an di li pa dakò, epi fikse yon odyans pita pou deside sou dwa pèmanan pou vizite yon timoun. Yon desizyon konsa ta vyole dwa konstitisyonèl manman an genyen sou zafè prive l. Si yo ta pran yon lòt desizyon pita, sa pa ta chanje anyen nan vyolasyon ki deja fèt la.
      3. Pa gen okenn remèd k ap ase, ki kapab soti nan yon pwosedi apèl apre jijman final la. Sa se yon lòt aspè danje ireparab. Si se yon erè tribinal apèl la kapab korije nan yon pwosedi apèl apre pwosè a, tribinal apèl la pa pral asepte bay yon òdonans “certoriari” paske pa gen prejidis ireparab. Pa egzanp, si yo refize pati k ap fè petisyon an yon jijman avèk yon jiri, menm si l gen dwa genyen yon jijman avèk jiri, sa pa yon prejidis ireparab ki pa kapab korije nan apèl. Rezon an, se paske tribinal apèl la kapab bay lòd pou fè yon nouvo jijman apre jijman sa a fini.

      Nan pwosedi sivil yo, yon domèn kote yo konn mande “certiorari” souvan se nan revelasyon yo. Revalasyon an se pwosedi avan jijman an, kote pati ki enplike nan pwosedi a transmèt enfòmasyon sou fè ki rive yo nan depozisyon, entewogatwa, ak dokiman yo depoze. Se pa chak desizyon ki pa kòrèk nan etap revelasyon an ki lakòz yon zafè pou “certiorari”. Sèlman, yo zafè asepte bay “certiorari” a lè yon tribinal bay lòd pou yon pati bay enfòmasyon pati sa a pa t dwe bay, sa ki rele enfòmasyon privilejye. Yon lòd revelasyon ki fè youn nan pati yo bay dokiman ki pa enpòtan pa nesesèman lakòz yon prejidis ireparab. Se pa fasil pou yo asepte bay “certiorari” paske dokiman yo bay lòd remèt yo pa enpòtan sèlman. Men sèlman, yon lòd ki oblije yon pati revele enfòmasyon privilijye kapab lakòz prejidis ireparab, paske yon fwa pati a remèt enfòmasyon li pa t dwe bay la, li pa posib pou l reprann enfòmasyon an ankò. Yo konn di lè konsa “chwal la fin janbe baryè”. Nòmalman, yo pa bay yon òdonans “certiorari” pou yon lòd ki refize yon revelasyon. Gen sèlman kèk sikonstans kote yon tribinal apèl kapab bay yon òdonans “certiorari” apre yon lòd konsa. Pa egzanp, yon òdonans “certiorari” kapab kòrèk pou yon lòd ki te anpeche yon revelasyon yon temwen kle ta kapab bay, kote pa ta gen okenn mwayen tout bon vre pou konnen apre jijman an kisa temwen an ta kapab di, oswa si temwayaj li ta kapab gen konsekans sou jijman an.

      Anplisdesa, avèk kèk esepsyon ki pa rive souvan, yo pa pral asepte bay yon òdonans “certiorari” pou fè yon revizyon paske yo te refize yon mosyon pou anile yon zafè. Se paske, lè konsa, gen ase rekou nan apèl ki kapab fèt apre jijman an.

      Si yon pati prezante yon petisyon pou yon òdonans “certiorari” epi tribinal apèl la refize l san li pa bay yon opinyon, sa pa mete yon pwen final nan tout zafè a. Rès zafè a ap kontinye jije nan tribinal ki pi ba a. Pou fini, pati ki gen entansyon depoze yon petisyon certiorari nan tribinal apèl pral souvan depoze tou yon mosyon ann ijans rete tann nan tribinal ki pi ba a, ki mande li sispann oswa “rete tann” lòd y ap konteste a pandan pwosedi certiorari a. Jan nou te diskite nan Chapit 11 nan Gid sa a sou rete tann, si tribinal premye enstans lan refize mosyon an, pati a lèsa ka mande tribinal apèl la bay desizyon rete tann nan. Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.310(a)&(f).

    4. Òdonans “Quo Warranto”

      Gen dwa ak privilèj Eta Florid la bay sitwayen ak kontribyab li yo. Sitwayen yo sèvi avèk “quo warranto” pou teste kapasite yo pou sèvi avèk dwa ak privilèj sa yo. Pa egzanp, yon petisyon pou yon òdonans “quo warranto” te sèvi pou konteste desizyon pou mete kèk teren nan yon minisipalite.

      Quo warranto” te anpeche Vil Coral Gables la egzèse jiridiksyon l sou yon pati nan Key Biscayne. “Quo warranto” te sèvi tou pou deside si Palman Florid la te fè yon aksyon konstitisyonèl, lè li te ekate veto gouvènè a. Sitwayen ak kontribyab yo se moun ki kapab mande yon òdonans “quo warranto” pou defann dwa piblik yo genyen. Moun nan piblik la anjeneral pa bezwen montre okenn enterè pèsonèl tout bon vre nan defans dwa piblik yo. Sèl sa yo gen pou fè, se montre piblik la gen yon enterè nan dwa a. “Quo warranto” se yon kalite òdonans ki pa prèske janm sèvi.

    5. Pouvwa òdonans.

      Mo “Pouvwa òdonans,” se pouvwa yon tribinal apèl distrik genyen pou l bay nenpòt ki òdonans li dwe bay oswa bezwen bay pou egzèse konpetans li. Sa vle di pouvwa pou bay tribinal ki pi ba a lòd egzekite manda tribinal apèl la, oubyen suiv direktiv tribinal apèl la apre li rann desizyon l nan yon pwosedi apèl. Pouvwa òdonans lan pa bay yon konpetans apa pou mande tribinal apèl la fè revizyon. Sa vle di, si pa gen yon zafè kounye a devan tribinal apèl la, epi se yon zafè tribinal apèl la gen deja konpetans pou l tande, yon pati pa kapab mande yon “pouvwa òdonans.” Pouvwa òdonans lan kapab egziste sèlman lè gen yon zafè y ap jije kounye a. Objektif pouvwa òdonans lan, se pou pwoteje konpetans yon tribinal apèl deja genyen sou yon zafè. Gen moun ki te eseye sèvi ak pouvwa òdonans lan pou mande Tribinal Siprèm Florid la pase desizyon yon tribinal distrik nan revizyon, tankou yon afimans “per curiam” san yon opinyon ekri. Men Tribinal Siprèm Florid la pa gen pouvwa òdonans pou l pase kalite desizyon konsa yo nan revizyon.

  3. Prensip ki Enpòtan sou Apèl.

    Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.030 lan esplike kilès nan tribinal Florid yo ki gen konpetans pou yo pase òdonans estrawòdinè. Règ sa a esplike kilès nan tribinal Florid yo ki gen konpetans pou pase òdonans estrawòdinè. Règ 9.030(a)(3) dekri kapasite Tribinal Siprèm Florid la genyen pou l bay òdonans estrawòdinè. Tribinal Siprèm Florid la kapab bay tribinal yo òdonans pwoyibisyon. Li gen pouvwa òdonans tou pou egzèse konpetans li, sa ki vle di nenpòt òdonans ki ka pèmèt Tribinal Siprèm Florid la fè travay li. Tribinal Siprèm Florid la kapab bay òdonans “mandamus” ak “quo warranto” tou pou fonksyonè ak ajans leta yo. Epi tou, Tribinal Siprèm Florid la kapab bay òdonans habeas corpus.

    Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.030(b)(3) esplike konpetans tribinal apèl distrik yo pou bay òdonans estrawòdinè. Tribinal apèl distrik yo kapab bay òdonans “mandamus,” pwoyibisyon, “quo warranto,” ak “certiorari”. Tribinal sa yo kapab bay pouvwa òdonans ki nesesè pou egzèse konpetans nan pwòp teritwa yo. Epi tou, pafwa jij nan tribinal apèl distrik yo kapab bay òdonans habeas corpus.

    Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.030(c)(2) pèmèt tribinal gran enstans yo bay òdonans “certiorari” pou fè revizyon sou desizyon ki pa final tribinal Konte yo pran. Sa pèmèt tribinal gran enstans yo tou, pou yo bay òdonans “mandamus,” pwoyibisyon, “quo warranto,” ak habeas corpus. Menm jan ak lòt tribinal yo, tribinal gran enstans yo kapab bay pouvwa òdonans ki nesesè, pou egzèse konpetans nan pwòp teritwa yo.

  4. Pwosedi pou Òdonans Estrawòdinè yo.

    1. Sa ki Ekri nan yon Petisyon.

      Youn nan rezon ki fè yon petisyon pou òdonans estrawòdinè pa menm jan ak yon apèl, se paske petisyon pou òdonans estrawòdinè a pa kòmanse lè yon moun depoze yon notifikasyon pou apèl. Li kòmanse lè moun lan depoze yon petisyon. Yon petisyon, se tankou yon ekspoze inisyal. Li gen tout agiman legal yo ladan l. Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.100 eksplike tout sa ki dwe nan yon petisyon:

      1. Ki baz moun lan genyen pou mande tribinal sa a tande zafè a. Nan pati sa a nan petisyon an, moun lan dwe esplike tribinal la poukisa li kwè tribinal sa a gen pouvwa pou bay òdonans li mande a. Pati a dwe site règ pwosedi apèl ki rekonèt pouvwa sa a.
      2. Sou ki fè ki rive, pati k ap fè petisyon an baze petisyon an. Moun lan dwe esplike aklè, san antre nan twòp eksplikasyon, ki fè nan dosye a ki montre li gen dwa pou mande tribinal la bay òdonans sa a.
      3. Ki kalite konpansasyon moun lan vle mande. Nan seksyon sa a, moun lan dwe di tribinal la kisa li vle mande l fè. Pa egzanp, nan yon petisyon pou yon òdonans “mandamus,” moun lan ka mande tribinal apèl la bay lòd pou tribinal ki pi ba a fè yon odyans, oswa anile yon lòd tribinal ki pi ba a.
      4. Agiman legal, ak referans legal ki sipòte petisyon an. Nan seksyon sa a nan petisyon an, moun lan dwe prezante agiman l yo, epi nonmen ka, lwa, règ, ak dispozisyon konstitisyonèl ki sipòte agiman yo.
      5. Anèks ki Dwe Mache ak Petisyon an.
      6. Si moun lan ap mande tribinal apèl la bay yon lòd pou yon tribinal ki pi ba, li dwe voye yon anèks tou bay tribinal apèl la. Anèks la dwe fèt jan sa esplike nan Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.220. Li dwe gen yon endèks, ansanm ak yon kopi desizyon tribinal ki pi ba a moun lan ap mande pase nan revizyon an. Endèks la dwe genyen yon lis dokiman ki nan anèks la, nan lòd kwonolojik ki montre lè yo te depoze dokiman yo, ak paj kote dokiman yo ye. Anèks la kapab genyen tou, kopi lòt seksyon nan dosye a, ak sous referans yo. Si se yon petisyon pou yon òdonans, anèks la dwe relye separeman, san li pa melanje ak petisyon an. Li kapab separe nèt, oubyen li kapab gen yon separatè oubyen yon lejann ki separe l.

        Lè l ap ekri sou fè ki rive yo, moun lan dwe bay referans sou paj nan anèks la ki gen enfòmasyon sou fè ki rive yo. Pa egzanp, si eksplikasyon sou fè ki rive yo genyen deklarasyon yon temwen te fè nan yon odyans, moun lan dwe di nan ki paj nan anèks la deklarasyon temwen sa a ye. Yon pati ki enplike nan zafè a pa dwe eseye kache enfòmasyon ki ka remèt kont li, ni pyès jistifikatif pati advès la ka vle pale sou yo. Si pati a fè sa, tribinal apèl la ka pran sanksyon kont li.

      7. Longè Paj yo, ak kouman pou Depoze Dokiman yo

        Yon petisyon pou òdonans pa dwe gen plis pase 50 paj. Maj yo ak karaktè tipografik yo dwe menm jan ak nan yon ekspoze pou apèl. Dwe genyen yon sètifikasyon konfòmite tou. Se sètifikasyon sa a ki pèmèt tribinal la konnen pati k ap depoze dokiman yo satisfè egzijans règ sou apèl yo. Dwe genyen tou yon sètifikasyon livrezon. Sètifikasyon livrezon an montre moun ki depoze dokiman yo remèt yon kopi petisyon an bay tout pati advès yo, epi li voye yon kopi tou bay jij k ap fè jijman an.

        Petisyon an dwe depoze dirèk nan tribinal apèl la. Si yon pati depoze yon petisyon nan yon tribinal ki pa tribinal kote pou l depoze petisyon an, tribinal sa a kapab transfere petisyon an bay tribinal kòrèk la, men li pa dwe anile petisyon an. Anjeneral, yo fè moun lan peye $300 sòf si tribinal la deklare moun lan se yon endijan. Pati ki pral depoze petisyon an dwe rele biwo grefye tribinal apèl la, pou verifye konbyen lajan yo fè peye.

      8. Pou Reponn Petisyon.

        Si yon moun resevwa yon petisyon pou òdonans estrawòdinè pati advès la voye ba li, moun lan pa bezwen voye yon repons. Repons lan nesesè sèlman si tribinal apèl bay lòd voye Kòm se raman yo apwouve yon petisyon pou òdonans estrawòdinè, anpil fwa tribinal apèl la pral rejte yon petisyon san lòt pati a pa bezwen reponn. Pafwa tribinal apèl la kapab voye yon lòd pou reponn. Gen lòt fwa, tribinal la ap voye yon lòd pou moun lan esplike pozisyon l. Lè tribinal la bay lòd pou moun lan esplike pozisyon l, moun lan dwe voye yon repons ki montre pou kisa tribinal la pa dwe asepte demann pou òdonans lan. Ni petisyon an, ni lòd pou moun lan esplike pozisyon l pa rete yon pwosedi ki nan tribinal ki pi ba a. Sèl esepsyon an, se petisyon pou òdonans pwoyibisyon yo. Si tribinal la bay lòd pou montre kòz apre yon petisyon pou yon òdonans pwoyibisyon, tribinal ki pi ba a pa kapab pran okenn lòt aksyon ankò sòf si tribinal apèl la swa di li kapab, oubyen tribinal apèl la pran yon desizyon sou zafè a.

      9. Tan Limit.

        Gen tan limit enpòtan pou moun sonje. Petisyon pou òdonans pwoyibisyon an dwe depoze anvan tribinal ki pi ba a pran aksyon pati k ap fè petisyon an vle anpeche a.

        Gen yon limit 30 jou pou depoze yon petisyon pou òdonans “certiorari.” Tan an kòmanse konte depi dat tribinal ki pi ba a te bay desizyon l. Tan limit 30 jou a zafè aplikab menm si yo rele petisyon y ap depoze a yon lòt jan. Pa egzanp, an nou gade yon zafè kote yon moun rele petisyon l ap depoze a yon petisyon pou òdonans “mandamus “, epi li kite 30 jou pase anvan li depoze l. Si tribinal apèl la deside se yon petisyon pou òdonans “certiorari” li ye vre, l ap twò ta pou tribinal apèl la fè yon revizyon sou aksyon tribinal ki pi ba a, paske petisyon an te depoze plis pase 30 jou apre tribinal ki pi ba a te bay desizyon l. Tribinal apèl la ap refize asepte tout petisyon ki pa soumèt alè.

        Yon lòt bagay ki enpòtan pou sonje, lè yon moun depoze yon mosyon pou nouvo odyans sou yon desizyon ki pa final nan tribinal ki pi ba a, sa pa bay moun lan plis tan pou depoze petisyon an. Si yon pati vle depoze yon demann pou yon òdonans “certiorari,” pou mande tribinal apèl la yon revizyon sou yon desizyon tribinal ki pi ba a pran, epi pati a depoze yon mosyon pou yon nouvo odyans oswa pou rekonsiderasyon nan tribinal ki pi ba a, tan pou depoze petisyon an kòmanse konte depi dat premye desizyon an. Li pa kòmanse konte depi dat nouvo odyans lan. Dat limit 30 jou pou depoze yon petisyon pou òdonans “certiorari” pa ka pwolonje.

    2. Konklizyon.

      Yo pa pral asepte bay yon òdonans estrawòdinè pou korije yon erè òdinè nan mitan yon jijman. Yon pati ki enplike nan yon pwosè dwe gade byen si l dwe depoze yon petisyon pou òdonans estrawòdinè. Pati a dwe depoze yon petisyon pou òdonans estrawòdinè sèlman si l kwè tout bon vre, te gen yon erè nan lajistis ki pa kapab korije pita, ni korije avèk yon lòt mwayen.

Download the Chapter 10 PDF here.


CHAPIT 10

⇐ PREVIOUS CHAPIT  |  PWOCHEN CHAPIT ⇒